Sèvis PROFAMIL

An Ayiti gen yon asosyasyon prensipal ke ou ka ale pou jwenn sevis nan sante repwodiktif ak seksyèl ou. PROFAMIL, pafwa yo rele Asosyasyon pou planifkasyon familyal d'Haiti, gen 3 sant sante, 11 klinik patnè, ak klinik mobil ki vwayaje ak doktè, enfimyè ak terapis nan zòn riral yo. Fonde nan ane 1984, jere pa ayisyen ak anplwaye ayisyen, asosyasyon sa a ofri sèvis san parèy pou fanm, gason ak timoun ki pa gen anpil lajan ki donk mwayen yo febi.

Sèvis PROFAMIL genyen ladan yo:

  • konsiltasyon planin familyal ak kontrasepsyon
  • konsiltasyon jinekolojik ak obstetrik
  • konsiltasyon ak tretman pou pwoblèm fètilite
  • swen prenatal
  • tès gwosès
  • vazektomi san bistouri
  • tès depistaj ak tretman kansè nan matris ak tete
  • konsiltasyon urolojik
  • Tès ak tretman VIH
  • pwogram edikasyon seksyalite pou jèn yo

PROFAMIL se yon asosyasyon ayisyen ki chache devlope pwogram alontèm ki pap depann de don entènasyonal yo. Sèvis li yo pa gratis, men pri yo rete aksesib a pi fò nan klas pòv ak mwayèn. PROFAMIL sèvi an mwayèn 100,000 moun pa ane. Men, ak plis envestisman, asosyasyon an pral kapab elaji aktivite li yo. Gen plizyè dizèn milye moun ann Ayiti ki konnen planifikasyon familyal posib men ki pa kapab jwenn sevis oswa ki pa ka peye sa.

PROFAMIL pare pou sèvi w jodi a. Klinik Profamil yo louvri nan kote sa yo:

  • #8 Rue E. Laforet, Delmas 31, Delmas
  • 136, Ave. Martin Luther King, Port-au-Prince
  • Rue Grande Plaine, en face du cimetière, Croix-des-Bouquets