PROFAMIL

Nan yon peyi kote chif ki montre nivo devlopman peyi Dayiti yo feb e kote resous piblik yo limite, PROFAMIL, ane apre ane, vinn lidè nasyonal nan sèvis ak edikasyon sou sante seksyèl ak repwodiktif nan peyi Dayiti. Anplis de klinik pèmanan li yo, asosyasyon an rive jwenn popilasyon majinalize yo atravè inite sante mobil li yo ak rezo travayè sante yo.

Apre dega ki te koze pa tranblemanntè 2010 ak 2021 yo ak plizye siklòn yo ki te pase, Asosyasyon pou Pwomosyon Fanmi Ayisyen (PROFAMIL), te devlope yon estrateji repons rapid pou sèvi kominote ki afekte nan katastwòf natirèl yo, espesyalman fanm ak tifi ki vilnerab nan vyolans seksyèl ak fizik nan moman sa yo.

PROFAMIL bezwen sipò w pou kontinye vanse nan sipo ak aksyon lap mennen nan kominote ayisyen an. Aprann plis, fè yon don, epi patisipe jodi a.