Sou PROFAMIL

PROFAMIL, ki te fonde nan ane 1984, vinn yon gwo oganizasyon nan peyi Dayiti ki bay sevis nan sektè planin familyal ak sante manman yo. Antanke yon òganizasyon lokal non-gouvènmantal, PROFAMIL bay bon jan kalite swen ak estrateji kominikasyon pou yon chanjman konpòtman ki adapte ak kontèks ayisyen an. An 2021 – malgre krim, vyolans politik, ak epidemi Covid la – PROFAMIL te bay plis pase 239,000 sèvis klinik.

Anplis de bay bon kalite sèvis pou sante fanm, gason ak jèn moun, PROFAMIL mennen aksyon pou amelyore politik dwa repwodiktif nan nivo nasyonal la. Apwòch inik ak konplè PROFAMIL nan sante seksyèl ak repwodiktif an Ayiti pèmèt kominote li yo jwenn aksè nan yon pakèt sèvis, tankou prevansyon ak depistaj STD ak VIH / SIDA, swen jinekoloji, prevansyon kont vyolans sou fanm, prevansyon kont kansè nan kol matris ak pwogram edikasyon jèn yo.

PROFAMIL gen 3 sant kap bay sevis sante nan Pòtoprens ki ofri aksè pèmanan ak sèvis debaz pou jèn, fanm ak gason. Klinik mobil li yo rive jwenn popilasyon nan zòn riral yo. An 2018, plis pase 60,000 nouvo itilizatè te jwenn aksè nan sèvis yo, yo te bay plis pase 500,000 kontraseptif, epi plis pase 5,000 jèn te patisipe nan pwogram sant jèn PROFAMIL. O total, plis pase 600,000 sèvis yo te bay nan sant li yo ak klinik mobil yo.