Objektif ak defi

PROFAMIL se yon gwo chanpyon nan sante repwodiktif nan nivo nasyonal la. Asosyasyon an bay sèvis sante enpòtan ak enfòmasyon esansyèl, ki pèmèt ayisyen pran desizyon pou tèt yo ak fanmi yo.  

Antanke premye founisè sèvis sante seksyèl ak repwodiktif nan peyi a, PROFAMIL fè fas ak yon seri defi. Pousantaj fètilite ann Ayiti rete wo (2.94 nesans pou chak fanm kont 1.73 pou chak fanm Ozetazini). Gwo fètilite akonpaye pa mank de swen medikal, enfrastrikti fèb ak efè povrete agrave mòtalite matènèl ki deja two wo. Pousantaj mòtalite matènèl an Ayiti a pi wo nan emisfè lwès la: anviwon yon fanm sou 80 ann Ayiti ap mouri akòz akouchman oswa konplikasyon ki gen rapò ak gwosès la. Ak plis key on ka nan lanmò matènèl sa yo se akòz avòtman ki pa fet nan bon jan kondisyon.

Metòd kontraseptif yo pa disponib fasil an Ayiti. Fanm yo gen aksè limite nan sant ki ofri kontraseptif, baryè kiltirèl toujou pèsiste, dekouraje kontrasepsyon. Anplis lwa restriksyon sou avòtman, PROFAMIL fè fas ak baryè anviwonmantal, edikasyon, jeyografik ak kiltirèl pou satisfè bezwen sante seksyèl ak repwodiktif popilasyon ayisyen an. PROFAMIL dwe nan premye liy pou asire ke chak ayisyen gen aksè a swen li bezwen.

Malgre obstak sa yo, PROFAMIL kontinye ap sèvi pèp ayisyen an. Asosyasyon an bay paran yo, elèv yo ak manm kominote a bon jan ledikasyon sou sante seksyel ak repwodiktif. Nan pote kole pou bay manm kominote yo jaret ak bon jan sipo pou yon vinn pote ledikasyon an nan kominote yo. PROFAMIL rive jwenn Ayisyen nan zòn riral ak iben. Pwogram jèn yo genyen kounye a 80 jèn edikatè ki aji kòm akte chanjman epi ki defann dwa seksyèl ak repwodiktif. 

Anplis de sa, PROFAMIL te fè yon kantite kanpay efikas pou ogmante konsyantizasyon sou kontrasepsyon. An 2018, PROFAMIL te selebre Jounen Mondyal Kontrasepsyon ak yon fwa sante kote yo te bay plis pase 1,000 sitwayen ayisyen sèvis gratis (tankou konsiltasyon prenatal ak jinekolojik, tès depistaj kansè,, sonografi, ak metod planing). Menm ane sa a, PROFAMIL te fè yon kanpay vazektomi san bistouri, pou ankouraje papa ayisyen yo vin ewo pou fanmi yo. Nan yon sèl jou, PROFAMIL fè 93 vasektomi.

Sous ak enfòmasyon adisyonèl: